Kisa sa vle di kwè nan jezi?

293 mots 2 pages
Kwè nan Jezi Kri sa vle di nou fè l’ konfyans nè ale. Nou kwè sa li di se vre, nan pwen blòf ladan. Li gen pawòl pou lavi ki pap janm fini an (Jn6,68). Se rekonèt Kris la se sila Bondye te voye sou tè a pou sove nou. Se kwè Jezi se Pitit Bondye a menm ki te mouri epi ki te leve byen vivan. Se rekonèt tou Jezi se pitit Lasent Vyèj Mari.
Non Jezi vle di : « Bondye ki sove ». Yo rele Jezi, Pitit la ki fèt sot nan vant Lasent Vyèj Mari paske se li ki pral sove pèp li a anba peche l’ yo (Mt 1,21).Nan pwen dòt moun ki kapab sove nou sof li. Reyèlman vre na pwen dòt non yo bay lezòm anba syèl la ki pou sove nou (Ac 4,12) (n.452. Non Kris la vle di mèsi a, sila a ki konsakre ak luil sakre a. Jezi se Kris la paske Bondye te pase luil Lespri Sen an ak puisans sou li (Ac10,38). Se li ki te gen pou l’ vini (Lc 7,19). Sila Israyèl tap tann lan (Ac 28,20) (n.453) ».
Non Pitit Bondye a vle di : rapò san parèy pou tout tan, Jezi Kri genyen ak Bondye Papa l’. Se sèl grenn pitit Papa. Se Bondye a menm. Si nou vle tounen kretyen se nesesè pou nou kwè nan Jezi Kri se Pitit Bondye li ye (n.444). Non Granmèt la vle di Bondye kap kòmande tout bagay. Deklare oubyen rele Jezi Granmèt se kwè li se Bondye tout bon. « Nan pwen moun ki ka di Jezi Kri se Granmèt si se pa Lespri Sen an kap fè l’ pale »(1Co12,3) (n.455)

en relation

  • Dossier sur haussman
    355 mots | 2 pages
  • Truk ki existe pas
    375 mots | 2 pages
  • Le tourime en bretagne (en breton)
    619 mots | 3 pages
  • L1 droit
    359 mots | 2 pages
  • Refuge et bouddhicita
    295 mots | 2 pages
  • Ligne départementale
    1974 mots | 8 pages
  • Le parfum
    4322 mots | 18 pages
  • La premier guerre mondial en breton
    732 mots | 3 pages
  • Philo
    1568 mots | 7 pages
  • Commentaire haricot
    738 mots | 3 pages
  • Anglais
    573 mots | 3 pages
  • Annuité
    4884 mots | 20 pages
  • Caca à.s acaciabhuevruobhcrebhhicfzrbhigzff higbsfcfbghicfdzihhbs cdgbihcsdh isvfgh ihvgczefegchizvf
    1104 mots | 5 pages
  • Rien autanbdbdj
    339 mots | 2 pages
  • La ronde
    273 mots | 2 pages